Osceola Prosper 2022
Frequently Asked Questions
Kreyòl ayisyen
Kèk kesyon ak tout repons yo sou pwogram Osceola Prosper.
Ki sa ki Osceola Prosper?
Osceola Prosper se yon kado enkwayab ke Osceola County Commissioners bay elèv ki gradye
lekòl segondè nan Osceola nan lane 2022 an! Li kouvri ekolaj ak lòt depans lekòl (apre
tout sibvansyon oswa bous yon etidyan resevwa) nan Valencia College oubyen nan Osceola Technical College (OTECH) pou gradyasyon yon etidyan oubyen pou fen etid li.
Ki sa pwogram Osceola Prosper peye?
Pwogram Osceola Prosper a peye pou ekolaj ak lòt depans lekòl (apre tout sibvansyon
oswa bous etid yon etidyan resevwa) nan Valencia College oubyen Osceola Technical
College (OTECH) pou gradyasyon yon etidyan oubyen pou fen etid li. Pwogram nan pa
peye otomatikman pou liv oswa lòt depans nan kolèj la, men etidyan ki ka bay pwèv
key yo gen bezwen finansye ka resevwa $500 anplis chak semès pou ede yo.
Kiyès ki kalifye pou pwogram Osceola Prosper?
Tout elèv ki gradye nan lekòl segondè nan Osceola County nan lane 2022 an kalifye
pou Osceola Prosper!
Pa gen okenn lòt bagay yon elèv bezwen fè pou l kalifye pou Sceopla Prosper.
Anplis, Valencia College ap aksepte tout elèv ki gradye lekòl nan Osceola County nan lane 2022. Sèl sa yap bezwen fe se soumèt yon aplikasyon pou Valencia College.
Ki lekòl segondè k ap patisipe?
Tout elèv ki diplome nan lekòl segondè nan lane 2022 nan lekòl leta, lekòl charter,
ak lekòl prive Osceola County ka patisipe, ak elèv ki gradye nan lane 2022 e se lakay
yo te fè segondè (homeschool) epi ki konplete etid segondè yo kalifye tou.
Paran m te fè lekòl avè m lakay mwen, men mwen abite Osceola County. Èske mwen kalifye?
Wi. Osceola Prosper ouvri pou tout elèv lekòl leta, lekòl prive ak lekòl lakay nan
Osceola County ki fè pati pwomosyon lekòl egondè ki gradye nan lane 2022 a.
Mwen se yon elèv ki enskri nan klas segondè epi nan kolèj an menm tan. Èske mwen kalifye?
Wi. Elèv Osceola ki nan 12yèm ane ki ap pran kou nan kolèj epi ki gradye lekòl segondè
nan lane 2022 a, kalifye pou Osceola Prosper.
Mwen pa yon sitwayen ameriken - oubyen mwen se yon elèv ki pa gen papye oubyen yon
elèv DACA. èske mwen kalifye?
Wi. Nou ta byen kontan wè w enskri nan pwogram nan.
Èske valè kòb fanmi mwen fè se sa ki konte pou m antre nan pwogram nan?
Non, pa gen okenn kondisyon pou valè kòb yon fanmi fè. Pwogram nan ouvri pou tout
elèv ki gradye lekòl segondè nan Osceola County nan lane 2022.
Èske mwen bezwen gen yon mwayèn espesyal oswa rezilta egzamen tankou ACT/SAT pou m
kalifye?
Non. Ou pa bezwen gen yon mwayèn espesyal oswa rezilta egzamen tankou
SAT/ACT pou w kalifye. Ou sèlman bezwen gradye lekòl segondè nan Osceola County nan
lane 2022 an pou w kalifye!
Si mwen gen bous Bright Futures, èske m ap toujou kalifye pou pwogram Osceola Prosper
a?
Wi. Men sak pwal rive si w gen bous Bright Futures, oswa lòt kalite bous oswa èd finansye:
Nap chèche konnen si genyen yon balans aprè ke bous ak èd finansye yo peye frè ekolaj
la. Si genyen yon balans, pwogram Osceola Prosper la ap peye rès la. Anplis, si
w ka demontre ke w gen bezwen finansye, pwogram Osceola Prosper ap bay yon prim $500
adisyonèl pou chak semès.
Si m kalifye pou èd finansye tankou Pell Grant, èske map toujou kalifye pou Osceola
Prosper?
Wi, ou ka toujou kalifye pou Osceola Prosper menm si w kalifye pou èd finansye tankou
Pell Grant: Nap tchecke pou n wè si genyen yon balans ant bous ak èd finansye ke
w genyen ki peye frè ekolaj la. Si genyen yon balans, pwogram Osceola Prosper a ap
peye l. Anplis, si w ka demontre ke w gen bezwen finansye, pwogram Osceola Prosper
ap bay yon prim $500 adisyonèl chak semès.
Kòman mwen ka enskri pou Osceola Prosper?
Pa gen okenn demann apa pou Osceola Prosper. Si w gradye lekòl segondè nan lane 2022
nan Osceola County, sèlman swiv 2 etap sa yo pou w patisipe:
- Enskri nan Valencia College oubyen nan Osceola Technical College, swiv tout etap enskripsyon lekòl sa yo, epi enskri pou omwen yon kou, oubyen pou yon pwogram Fòmasyon Konpetans Akselere, oubyen enskri nan yon Pwogram Teknik Osceola pou Ete 2022, Otòn 2022 oubyen Prentan 2023.
- Ranpli fòmilè FAFSA* 2022-23 a (Fòmilè Gratis Demann Èd Federal pou Etidyan) anvan 15 jiyè 2022 (pou enskripsyon ann otòn), anvan 1ye desanm 2022 (pou enskripsyon prentan). Si w pa kalifye pou w ranpli FAFSA a akòz sitiyasyon imigrasyon oubyen lòt pwoblèm, w ap gen opsyon pou w di nou sa, epi n ap fè w konnen ki sa pou w fè annapre.
*FAFSA se yon fòmilè etidyan ranpli pou yo jwenn èd nan men leta federal ameriken an pou peye pou kolèj. Chak ane, gen plis pase 10 milyon elèv ki ranpli FAFSA a epi yo resevwa plis pase 100 milya dola nan men Depatman Edikasyon Etazini pou depans kolèj.
Mwen bezwen èd pou m ranpli FAFSA a ak demann nan. Ki kote mwen ka ale?
Pral gen atelye nan kanpis Valencia College ki Osceola, Poinciana, ak Lake Nona nan
mwa k ap vini yo pou ede w ranpli Fòmilè Gratis Demann Èd Federal pou Etidyan (FAFSA
a) ak enskripsyon pou admisyon an. Epi tou n ap planifye atelye nan lekòl segondè
Osceola yo – veye pou plis enfòmasyon. Ou ka tcheke tout resous sou entènèt sa yo pou ede w ranpli FAFSA a. Epi tou nou tou pare pou n ede w, si w gen kesyon.
Telefone nou nenpòt jou nan 407-582-1507 ant 8:00 a.m. jiska minui oubyen voye yon
imèl ban nou nan osceolaprosper@valenciacollege.edu.
Mwen deja enskri nan Valencia College pou Otòn 2022 a. Èske m bezwen fè lòt bagay
pou m kalifye?
Si ou deja enskri nan Valencia pou sezon otòn nan, ou pral sèlman bezwen:
- Enskri pou omwen yon kou, oubyen yon pwogram Fòmasyon Konpetans Akselere, oubyen enskri nan yon Pwogram Teknik Osceola pou Ete 2022, Otòn 2022 oubyen Prentan 2023.
- Ranpli fòmilè FAFSA* 2022-23 a (Fòmilè Gratis Demann èd Federal pou Etidyan) anvan 15 jiyè 2022 (pou enskripsyon ann otòn) oubyen anvan 1ye desanm 2022 (pou enskripsyon prentan). Si w pa kalifye pou w ranpli FAFSA a akòz sitiyasyon imigrasyon oswa lòt pwoblèm, w ap gen opsyon pou w di nou sa, epi n ap fè w konnen ki sa pou w fè annapre.
Met sou sa, men ki sa ou ka fè pou prepare w pou w gen siksè pandan premye semès ou nan kolèj.
Ki dat limit pou etidyan fè demann?
Nou ankouraje w enskri rapid dekwa pou w ka enskri nan pwogram ki pi byen koresponn
ak bezwen w ak objektif ou. Dat limit pou chak pwogram yo varye selon semès la ak
pwogram nan, men ou dwe enskri pou omwen yon kou, oubyen enskri nan yon Fòmasyon Konpetans
Akselere oubyen enskri nan yon pwogram OTECH pou semès Prentan 2023 a pou pi ta pou
w ka kalifye pou pwogram Osceola Prosper a.
Kouman pou mwen rete enskri nan Osceola Prosper?
Pou w kontinye kalifye pou pwogram Osceola Prosper a jiskaske w konplete pwogram nan
(AA, AS, Sètifika Teknik, Fòmasyon Konpetans Akselere (AST) oubyen pwogram OTECH),
w ap bezwen:
- Ranpli yon FAFSA chak ane, pou nou ka detèmine si w kalifye pou sibvansyon federal oubyen pou bous detid.
- Rete avèk menm elan an. Sa vle di konplete omwen 12 èdtan kredi pou chak ane akademik (ki vle di semès otòn, semès prentan ak semès ete). Sa pral pèmèt ou pwofite fini diplòm ou oswa pwogram nan pi vit posib. Pou yon pwogram Fòmasyon Konpetans Akselere oubyen yon pwogram OTECH, rete avèk menm elan an vle di pou w toujou prezan nan kou yo regilyèman epi pou w kontinye ap fè gran pwogrè jiskaske ou fini pwogram nan.
- Toujou voye je sou mwayèn jeneral ou (GPA – Grade Point Average). Si GPA ou desann pi ba pase 2.0, nou pral kontakte w pou n ede w. Si GPA w pou chak semès pi ba pase 2.0 pou kat semès youn apre lòt, ou pap kalifye ankò pou pwogram Osceola Prosper a.
- Rete nan kou ki obligatwa pou pwogram ou an. Osceola Prosper ap peye sèl ekolaj ak frè pou kou ki obligatwa pou pwogram diplòm oubyen pwogram sètifika ou te chwazi a.
- Fè plan pou w fini nan Ete 2027. Sa a se dènye semès ou pral resevwa lajan Osceola Prosper pou ede w gen diplòm ou a, sètifika w la, oubyen fini pwogram fòmasyon ou a. Etidyan ki nan yon Fòmasyon Konpetans Akselere oubyen nan yon pwogram OTECH oblije fini pwogram nan nan tan yo bay pou kou a oubyen nan tan yo bay pou fini pwogram nan.
Ki pwogram nan Valencia College ki fè pati pwogram Osceola Prosper a?
Tout pwogram Valencia College ofri yo fè pati Osceola Prosper. Pa egzanp, tout pwogram
tankou Associate in Science yo, Associate in Arts ak tout pwogram Technical Certificate
yo, e wou ka etidye nan nenpòt Valencia College.
Klike nan lyen say yo pou w ka jwen plis enfòmasyon:
Èke m ka pran kou nan nenpòt Valencia kanpous?
Absoliman! Valencia College gen 7 kanpous e senk Sant Fòmasyon Akselere.
Klike la a pou w ka jwen yon ti kras sou chak youn.
Èske mwen dwe enskri nan yon pwogram diplòm 2 an pou m sa kalifye?
Non, pwogram Osceola Prosper a pral kore plizyè opsyon: nenpòt nan pwogram 2 an Valencia
College yo (Associate of Arts, Associate of Science), Sètifika Teknik, oswa pwogram
Fòmasyon Konpetans Akselere, oubyen pwogram fòmasyon teknik nan Osceola Technical
College.
E si mwen pa konnen si mwen vle pran yon diplòm 2 an oubyen si mwen vle enskri pou
fòmasyon teknik byen kout?
Pa gen pwoblèm ditou – epi nou pral ede w! Chak etidyan ki kalifye pou pwogram Osceola
Prosper a ka enskri pou y al vizite yon kanpis Valencia, kote yon ekip Gid Osceola
Prosper pral esplike w chwa diplòm ak sètifika ou va genyen. Kòm etidyan Osceola Prosper,
ou pral resevwa sipò Gid Prosper ou (Prosper Coach) ki va ba w konsèy nan chwa karyè
epi sa va ede w chwazi nan ki kou pou w enskri.
E si objektif mwen se pou m genyen yon diplòm bakaloreya nan Valencia?
Fantastik! Osceola Prosper ap bay ekolaj ak frè pou Associate of Arts,
Associate of Sciences, oswa Technical Certificate pwogram. Epi yon antrenè pou Osceola
Prosper ka ede w idantifye chemen kap pi bon pou w ale pou al fè yon diplòm bakaloreya.
Aprè frè ekolaj, ki lòt bagay pwogram Osceola Prosper a ofri?
Pwogram nan peye pou tout rès depans frè ekolaj ak frè lekòl aprè ou
fin sèvi ak sibvansyon oswa bous etid. Sa vle di, lè ou ranpli FAFSA a, n ap verifye
si w kalifye pou nenpòt sibvansyon bous etid èd Federal oswa bous Eta a. Aprè sa,
pwogram Osceola Prosper a va peye sa k manke a.
Mete sou sa, si w ka bay prèv ou gen pwoblèm ekonomik toutbon, y ap ba w yon $500 an plis pa semès pandan ou enskri nan yon pwogram, y ap peye pou liv lekòl ou yo tou. Si se nan yon pwogram fòmasyon teknik rapid ou ye oswa yon pwogram OTECH, se yon sèl $500 y ap ba ou. Pou w kalifye pou kòb sa a, fò aplikasyon FAFSA w la ta montre fanmi pa ba w okenn lajan pou ede w peye lekòl ou. Si ou kalifye pou w ranpli FAFSA a, mande konseye pwogram Prosper la ede w si w panse ou kab kalifye pou w jwenn lajan sa a dapre sitiyasyon ekonomik ou.
Kado sa a se pou TOUT elèv ki gradye nan lekòl segondè (High School) an 2022 nan Osceola County, nan lekòl leta, nan lekòl leta sibvansyone, nan lekòl prive epi nan lekòl adomisil ki enskri nan Valencia College oubyen nan Osceola Technical College (oTech).
Anwetan ekolaj la, ki sa pwogram Osceola Prosper a peye?
Pwogram nan pral peye tout ekolaj ak frè ekolaj ki rete apre yo fin itilize tout sibvansyon
ak bous detid. Ki vle di, lè w ranpli fòmilè FAFSA a, nou pral gade pou wè si w kalifye
pou nenpòt lajan sibvansyon ak bous detid Eta a oswa sibvansyon ak bous detid federal.
Apre sa, Osceola Prosper pral peye pou sa ki rete a.
Met sou sa, si w ka montre ou bezwen èd finans, ou va resevwa 500 dola chak semès
ou enskri nan yon pwogram diplòm kolèj pou ede w avèk depans ou yo, tankou liv kou
yo. Sizanka ou nan yon pwogram Fòmasyon Konpetans Akselere oubyen nan yon pwogram
OTECH, se yon sèl fwa yo ka ba w 500 dola. Pou w kalifye, fò demann FAFSA ou a demontre
fanmi ou pa ba w senk kòb pou yo ede w. Si w pa kalifye pou w ranpli fòmilè FAFSA
a, pale ak Gid Prosper ou a pou l ede w si w panse ou ka byen kalifye pou prim nan
dapre bezwen finans ou.
Kouman Valencia pral ede m reyisi?
Ou pral gen Gid Prosper pa w, kontak pèsonèl ou avèk kolèj la, avèk sèvis yo, e ou
va genyen esperyans nan kanpis la an general. Gid Prosper ou a va gide w lè w pral
chwazi ki pakou edikasyon w ap pran, l ap ede w chwazi nan ki kou pou w enskri, eksetera.
Nou disponib nan telefòn epi nan imel tou. Telefone nou nenpòt jou nan 407-582-1507
ant 8:00 a.m. jiska minui oubyen voye yon imèl ban nou nan: osceolaprosper@valenciacollege.edu.
Epi tou, menm jan ak tout etidyan Valencia College, ou va gen aksè a tout yon seri èd tankou:
- Leson prive anliy, leson an pèsòn epi sèvis pou ede w fè devwa kote w gen pou w ekri disètasyon
- Konsèy pou ede w reyisi epi pou asire ou pran kou ou bezwen ki pou ede w gradye
- Sèvis karyè ki pou ede w egzaminen diferan chwa ak pakou karyè ki genyen yo
- Aksè a diferan sèvis konsèy, tankou sipò sante mantal gras a pwogram BayCare
- Pwogram transpò Paw Pass, transpò Lynx gratis pou chak semès ou enskri nan kou
- Aksè a pwogram manje Pooky’s Pantry, sèvis bank manje ki adispozisyon w gras a patenarya avèk òganizasyon Second Harvest
Kouman mwen kab prepare m pou m reyisi pandan premye semès mwen nan kolèj?
Valencia College pral ofri anpil aktivite ak atelye pou etidyan Prosper yo pandan
ete a. Rete alekout pou plis ransèyman sou sit wèb sa a, epi kou w fè demann ou nan
imel. Gid Prosper ou a va pale w tou de opòtinite ki genyen pou w fè konesans avèk
etidyan ki va kondisip ou avèk moun ki va pwofesè w, epi li va pale w de opòtinite
pou w antre an kontak avèk kolèj la – tankou pou w al vizite kanpis yo.
Kòmanse tcheke ki kalite etid ou kab fè
Si ou pa sèten ou vle al nan yon pwogram 2 an pou gen yon diplòm 2 an oubyen ou pa
enterese pran yon fòmasyon teknik rapid, sèvi ak lyen sa yo pou w wè ki lòt opsyon
ou kab genyen:
Apre sa , lè w rankontre ak reprezantan ki pral ede w suiv pwogram Prosper a, w ap kab poze kèk lòt kesyon pi detaye.
Ki sa Osceola Prosper ye?
Osceola Prosper se yon kado ekstrawòdinè Osceola County Commissioner ap bay
elèv ki gradye lekòl segondè nan Osceola County nan lane 2023 a! Li kouvri ekolaj
ak lòt depans lekòl (apre tout sibvansyon oswa bous detid yon etidyan resevwa) nan
Valencia College oubyen nan Osceola Technical College (OTECH) jiska gradyasyon yon etidyan oubyen fen etid li.
Ki sa pwogram Osceola Prosper a peye?
Osceola Prosper peye pou ekolaj ak lòt depans lekòl (apre tout sibvansyon
oswa bous detid yon etidyan resevwa) nan Valencia College oubyen nan Osceola Technical
College (OTECH) jiska gradyasyon yon etidyan oubyen fen etid li.
Kiyès ki kalifye pou pwogram Osceola Prosper a?
Tout elèv ki gradye nan lekòl segondè nan Osceola County nan lane 2023
a! Pa gen okenn lòt kondisyon pou kalifye pou Pwogram Osceopla Prosper a. Anplis,
Valencia College ak Osceola County Technical School ap aksepte tout elèv ki gradye
lekòl segondè nan Osceola County. Ou pa bezwen ni GPA ni nòt pou tès pou fè demann
antre oswa pou yo aksepte ou nan Valencia College.
Èske mwen dwe gen yon sèten GPA oswa nòt nan tès pou mwen kalifye?
Non. Ou pa bezwen ni GPA ni nòt pou egzamen pou w kalifye. Si ou gradye
nan lekòl segondè nan Osceola County an 2023, ou tou bon!
Ki lekòl segondè k ap patisipe?
Yo tout. Tout elèv ki diplome nan lekòl segondè nan lane 2023 nan lekòl
piblik, lekòl endepandan (charter), ak lekòl prive nan Osceola County ka patisipe,
epi elèv ki gradye nan lane 2023 e se lakay yo te fè segondè (homeschool) kalifye
tou.
Paran m te fè lekòl avè m lakay mwen, men mwen abite nan Osceola County. Èske mwen
kalifye?
Wi. Osceola Prosper ouvri pou tout elèv lekòl piblik, lekòl prive ak
lekòl lakay nan Osceola County ki fè pati pwomosyon lekòl segondè ki gradye nan lane
2023 a.
Mwen se yon elèv ki enskri nan klas segondè epi nan kolèj an menm tan. Èske mwen
kalifye?
Wi. Elèv Osceola ki nan klas tèminal ki ap pran kou nan kolèj epi ki
gradye lekòl segondè nan lane 2023, kalifye pou Osceola Prosper.
Si mwen gen yon Sètifika Akonplisman, èske mwen kalifye pou Osceola Prosper?
Wi. Gen opsyon ki disponib pou w arive satisfè kondisyon yo pou vin gen
diplòm epi vin kalifye nèt pou pwogram nan. Pa egzanp, elèv ki gen Sètifika Akonplisman
W8A a ka repran egzamen nan matyè patikilye kote yo poko fè nòt pou pase a. Resevwa
yon GED se yon lòt fason pou vin kalifye nèt.
Nou ankouraje ou rankontre ak yon konseye oryantasyon pou jwenn plis
enfòmasyon sou opsyon ou genyen yo.
Èske elèv ki genyen GED kalifye pou Osceola Prosper?
Elèv ki genyen GED ki fè pati pwomosyon 2023 a nan Osceola County epi
ki resevwa GED yo a anvan kou yo kòmanse nan prentan 2024, y ap konsidere yo fè pati
Pwogram Osceola Prosper a.
Mwen pa yon sitwayen Ameriken – oubyen mwen se yon elèv ki pa gen papye oubyen yon
elèv DACA. Èske mwen kalifye?
Wi. Nou ta byen kontan wè w enskri nan pwogram nan.
Èske valè kòb fanmi mwen fè konte pou m antre nan pwogram nan?
Non, pa gen okenn kondisyon sou valè kòb yon fanmi fè. Pwogram nan ouvri
pou tout elèv ki gradye lekòl segondè nan Osceola County nan lane 2023.
Si mwen gen bous Bright Futures, èske m ap toujou kalifye pou pwogram Osceola Prosper
a?
Wi. Men sa k pral rive si w gen bous Bright Futures, oswa lòt kalite
bous oswa èd finansye: N ap chèche konnen si rete yon balans pou fin peye tout ekolaj
la ak lòt depans lekòl ou yo apre bous la ak èd finansye yo. Si genyen yon balans,
pwogram Osceola Prosper a ap peye rès la.
E si m pa vle itilize Florida Prepaid mwen?
Si w gen Florida Prepaid e w pa vle Valencia College itilize l, ou kapab
mande pou Valencia pa itilize l. Ranpli epi siyen fòm otorizasyon sa e retounen l nan biwo biznis la avan dat delè peman an.
Si m kalifye pou èd finansye Pell Grant la, èske m ap toujou kalifye pou pwogram Osceola
Prosper a?
Wi, ou kalifye. Ou ka patisipe nan Osceola Prosper menm si ou gen Pell
Grant. Men sa k pral rive si ou kalifye pou Pell Grant oswa pou lòt kalite bous oswa
èd finansye: N ap chèche konnen si rete yon balans pou fin peye tout ekolaj la ak
lòt depans lekòl ou yo apre bous la ak èd finansye yo. Si genyen yon balans, pwogram
Osceola Prosper a ap peye rès la.
Kijan pou mwen mande patisipe nan Osceola Prosper?
Pa gen okenn demann apa pou Osceola Prosper. Si w gradye lekòl segondè
nan lane 2023 nan Osceola County, suiv 2 etap sa yo pou w patisipe:
- Mande antre nan Valencia College oubyen nan Osceola Technical College, suiv tout etap enskripsyon lekòl sa yo, epi enskri pou omwen yon kou, oubyen pou yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid, oubyen pou yon Pwogram Teknik Osceola pou Ete 2023 a, Otòn 2023 a oubyen Prentan 2024 la.
- Ranpli fòmilè FAFSA* 2023-24 la (Fòm Gratis Demann Èd Federal pou Etidyan) anvan 15 jiyè 2023 (pou enskripsyon otòn) oswa anvan 1ye desanm 2023 (pou enskripsyon prentan). Si w pa kalifye pou w ranpli FAFSA a akòz sitiyasyon imigrasyon ou oubyen lòt pwoblèm, w ap gen opsyon pou w di nou sa, epi n ap fè w konnen sa pou w fè annapre.
Mwen bezwen èd pou m ranpli FAFSA a ak demann nan. Ki kote pou m ale?
Pral gen atelye nan kanpis Valencia College ki Osceola, Poinciana, ak
Lake Nona nan mwa k ap vini yo pou ede w ranpli Fòm Gratis Demann Èd Federal pou Etidyan
(FAFSA a) ak demann admisyon an. Epi tou n ap planifye atelye nan lekòl segondè Osceola
yo – veye pou plis enfòmasyon. Ou ka gade tou resous sou entènèt sa yo pou ede ou ranpli FAFSA a. Epi tou nou tou pare pou n ede w, si w gen kesyon.
Annik telefone nou nenpòt jou depi nan Lendi rive nan Vandredi ant 8:00 a.m. ak 10:00
p.m. epi Samdi oswa Dimanch ant 9:00 a.m. ak 5:00 p.m. nan 407-582-1507 oubyen voye
yon imèl ban nou nan osceolaprosper@valenciacollege.edu.
Mwen deja mande antre nan Valencia College pou Otòn 2023 a. Èske m bezwen fè lòt
bagay pou m kalifye?
Si ou deja fè demann antre nan Valencia pou Otòn nan, ou pral sèlman
bezwen:
- Enskri pou omwen yon kou, oubyen pou yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid, oubyen pou yon Pwogram Teknik Osceola pou Ete 2023, Otòn 2023 oubyen Prentan 2024.
- Ranpli fòmilè FAFSA* 2023-24 la (Fòmilè Gratis Demann Èd Federal pou Etidyan) anvan 15 jiyè 2023 (pou enskripsyon otòn) oswa anvan 1ye desanm 2023 (pou enskripsyon prentan). Si w pa kalifye pou w ranpli FAFSA a akòz sitiyasyon imigrasyon ou oubyen lòt pwoblèm, w ap gen opsyon pou w di nou sa, epi n ap fè w konnen sa pou w fè annapre.
Kijan pou mwen rete enskri nan Osceola Prosper?
Pou w kontinye kalifye pou Osceola Prosper jiskaske w fini pwogram ou
an (AA, AS, Sètifika Teknik, fòmasyon pwofesyonèl rapid (AST) oubyen pwogram OTECH),
w ap bezwen:
- Ranpli yon FAFSA chak ane, pou nou ka detèmine si w kalifye pou sibvansyon federal ak bous detid.
- Kenbe menm elan an. Sa vle di fini avèk omwen 12 èdtan kredi pou chak ane akademik (ki gen ladan semès otòn, prentan ak ete yo). Sa pral pèmèt ou pwofite diplòm ou resevwa a/pwogram ou fini an lepli vit posib. Pou yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid oubyen yon pwogram OTECH, kenbe menm elan an vle di pou w toujou prezan nan kou yo epi pou w kontinye ap fè pwogrè jiskaske ou fini pwogram nan.
- Toujou voye je sou GPA ou (Mwayèn Jeneral). Si GPA ou desann pi ba pase 2.0, nou pral kontakte w pou n ede w. Si GPA ou tonbe pi ba pase 2.0 pou kat semès youn apre lòt, ou p ap kalifye ankò pou pwogram Osceola Prosper a.
- Rete nan kou ki obligatwa yo pou pwogram ou an. Osceola Prosper ap peye sèlman ekolaj ak frè pou kou ki obligatwa pou pwogram diplòm oubyen pwogram sètifika ou te chwazi a.
- Planifye pou w fini disi Ete 2028. Se dènye semès ou pral resevwa lajan Osceola Prosper pou ede w gen diplòm ou a, sètifika ou, oubyen fini pwogram fòmasyon ou an. Etidyan ki nan yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid oubyen nan yon pwogram OTECH oblije fini pwogram lan nan tan yo bay pou kou a oubyen pou pwogram nan.
Ki pwogram nan Valencia ki fè pati Pwogram Osceola Prosper a?
Tout pwogram dezan etid nan lèza (Associate of Arts), dezan etid nan
syans (Associate of Science), sètifika teknik, oswa pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid
(Accelerated Skills Training) Valencia College ofri, nan nenpòt nan kanpis ak lokal
nou yo. Klike sou lyen sa yo pou wè ki opsyon ou genyen:
Èske m ka pran kou nan nenpòt kanpis oswa lokal Valencia?
Absoliman! Epi sonje Valencia gen 7 kanpis ak 5 Sant Fòmasyon Rapid.
Klike isit la pou jwenn yon ti jan plis enfòmasyon sou yo chak.
Èske m oblije enskri nan yon pwogram dezan etid pou m kalifye?
Non. Pwogram Osceola Prosper a pral kore plizyè opsyon: nenpòt nan pwogram
dezan (Associate of Arts, Associate of Science), Sètifika Teknik, oswa pwogram fòmasyon
pwofesyonèl rapid (Accelerated Skills Training) Valencia College yo, oubyen pwogram
fòmasyon teknik yo nan Osceola Technical College.
E si mwen pa konnen si mwen vle pran yon diplòm sou dezan oubyen si mwen vle enskri
pou fòmasyon teknik byen kout?
Pa gen pwoblèm ditou – epi nou pral ede w! Chak etidyan ki kalifye pou
Osceola Prosper ka enskri pou y al vizite yon kanpis Valencia, kote yon ekip Gid Osceola
Prosper pral esplike w ki opsyon ou genyen pou diplòm ak sètifika. Kòm etidyan Osceola
Prosper, ou pral resevwa sipò konseye oryantasyon w lan ki va ba w konsèy sou karyè
ak nan chwazi nan ki kou pou w enskri.
E si objektif mwen se pou m genyen yon diplòm lisans nan Valencia?
Fantastik! Osceola Prosper ap bay ekolaj epi peye lòt depans lekòl pou
dezan etid nan lèza (Associate of Arts), dezan etid nan syans (Associate of Sciences),
sètifika teknik, oswa pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid (Accelerated Skills Training).
Epi konseye oryantasyon w lan ka ede w idantifye chemen k ap pi bon pou w jwenn diplòm
lisans ou chwazi an.
Aprè ekolaj, ki lòt bagay pwogram Osceola Prosper a kouvri?
Pwogram nan peye pou tout rès ekolaj ak depans pou lekòl aprè ou fin
sèvi ak sibvansyon oswa bous detid. Sa vle di, lè ou ranpli FAFSA a, n ap verifye
si w kalifye pou nenpòt sibvansyon oswa bous detid eta oswa federal. aprè sa, Osceola
Prosper va peye pou sa ki rete a.
Kijan Valencia pral ede m reyisi?
Ou pral gen konseye oryantasyon pa w, kontak pèsonèl ou avèk kolèj la,
avèk sèvis yo, ak yon eksperyans global avèk kanpis la. Konseye oryantasyon w lan
va gide w lè ap chwazi ki pakou edikasyon w ap pran, lè w ap chwazi nan ki kou pou
w enskri, eksetera. Nou disponib nan telefòn epi pa imèl tou. Telefone nou nan 407-582-1507
nenpòt jou depi nan Lendi rive nan Vandredi ant 8:00 a.m. ak 10:00 p.m. epi Samdi
oswa Dimanch ant 9:00 a.m. ak 5:00 p.m. oubyen voye yon imèl ban nou nan osceolaprosper@valenciacollege.edu.
Epi tou, menm jan ak tout etidyan Valencia College, w ap jwenn tout yon seri èd tankou:
- Leson patikilye anliy ak an pèsòn epi sèvis pou ede w ekri
- Konsèy pou ede w reyisi epi pou asire ou pran kou ou bezwen pou gradye
- Sèvis karyè ki pou ede w egzaminen diferan chwa ak pakou karyè ki genyen yo
- Sèvis konsèy sikolojik, tankou sipò mantal gras a BayCare
- Paw Pass, transpò Lynx gratis pou chak semès ou enskri
- Pooky’s Pantry, sèvis bank manje ki adispozisyon w gras a patenarya avèk Second Harvest
Kijan mwen ka prepare m pou m reyisi pandan premye semès mwen nan kolèj?
Patisipe nan Aktivite Osceola Prosper yo epi Pran Kontak avèk konseye oryantasyon
w lan
Valencia College pral ofri plizyè aktivite ak atelye pou etidyan Prosper yo pandan
prentan an ak ete a. Rete alekout pou plis ransèyman sou sit wèb sa a, epi lè ou fin
fè demann ou an, sou imèl Valencia w lan. Konseye oryantasyon w lan va pale w tou
de chans pou w fè konesans avèk etidyan ki va kondisip ou avèk moun ki va pwofesè
w, epi li va mete ou an kontak avèk kolèj la–tankou pou w al vizite kanpis yo.
Kòmanse Gade Ki Opsyon Edikasyon Ou Genyen
Si ou pa sèten ou vle al nan yon pwogram diplòm sou dezan oubyen pran
yon fòmasyon teknik byen kout, sèvi ak lyen sa yo pou w wè ki opsyon ou genyen:
aprè sa, lè w rankontre ak konseye oryantasyon w lan, w ap ka poze kesyon pi detaye.
Made possible by

Frequently Asked Questions
For More Information
407-582-1507
Monday – Thursday: 8am – 10pm ET
Friday: 9am – 8pm ET
Saturday and Sunday: 9am – 5pm ET